04/14/2026 | Press release | Distributed by Public on 04/14/2026 12:36
April 14, 2026
BOSTON, MASS. - Ajans Pwoteksyon Anviwònman an (EPA) ap òganize yon rankont piblik pou Sit Lower Neponset River Superfund la pou enfòme kominote yo sou pwogrè ki reyalize ak travay ki planifye nan Sit la epi reponn kesyon yo.
Patisipasyon an pèsòn:
6:00 - 8:00 p.m. Madi 21 Avril 2026
Pryde Community Center
59 Harvard Ave, Hyde Park, MA 02136
Genyen pakin piblik ki disponib anfas Branch Hyde Park nan Bibliyotèk Piblik Boston nan oswa sou lari a ozalantou Pryde Community Center.
Moun ki pa ka patisipe an pèsòn yo ka patisipe atravè Zoom:
https://usepa.zoomgov.com/j/1609617554?pwd=4nzJq4wqHvYVKtEgYa3Nn8MTguL555.1Exit EPA's website
Kontèks
Sit Superfumd Lower Neponset River la genyen yon seksyon 3.7 mayls nan Rivyè Neponset a ak plèn inodasyon li yo ant kwazman li ak Mother Brook (nan Hyde Park, Massachusetts MA)) ak Baraj Walter Baker (nan Dorchester/Milton, MA). Selon ankèt sou teren yo, pati sa a nan rivyè a genyen seman ak tè plèn inondasyon ki kontamine avèk nivo elve binefil poliklore (PCB) ak lòt sibstans danjre yo. Kanal Rivyè Lower Neponset la varye ant apeprè 40 pye ak 300 pye lajè epi li gen yon estimasyon 40 kawo tè nan vil Boston oswa sou fwontyè vil Boston (seksyon Hyde Park, Mattapan ak Dorchester) ak Vil Milton, MA. Sit la gen limit ak moso tè rezidansyèl, komèsyal, endistriyèl ak piblik, ki gen ladan Neponset River Greenway.
Pou jwenn plis enfòmasyon sou Sit la, tanpri vizite: https://www.epa.gov/neponsetriver.